Nan mwa Oktòb 2016, Charlot Lucien soti senkyèm CD
lodyans li sou tit Diogène Nèg Mawon. CD
a gen sèt istwa ak powèm : Kat
telefòn, Diogène anba dekonm, La
torche du Roi Christophe, Ochan pou yon etidyan enkoni, Hommage à l’étudiant
inconnu, Flanbo libète wa Christophe, e Pawòl Cassagnol la. Diogène
anba dekonm se istwa ki pi long
sou albòm sa, e se de li nou pral pale nan atik sa.
Diogène anba dekonm gen twa pati. Premye pati a entwodi Diogène, yon jenn
gason 18 an, nèg Ile-à-Vache, kap travay nan yon otèl Petyonvil ki gen pou mèt
Madan Florence Bonnachi. Se yon jen nonm ki aprann anglè anba bouch touris, ki
te nan vann tablo ak boutèy tranpe, e ki menm konn rap.
Anglè li te kout, franse
l tou, men li te degaje l kou mèt janjak pou l kominike ak kliyan otèl la. Poubwa
li jwenn nan men yo te pèmèt li ede manman l ki tap viv nan Bèlè.
Pandan Diogène tap negosye yon kesyon 400 dola, tè ya
kòmanse tranble. Se te madi 12 janvye
2010, nan aprèmidi. Madan Bonnachi, ki te nan boutik otèl la, kouri soti deyò
pou l mande kisa kap pase la. Menm lè sa kay la tou vide sou yo. Yo te ka tou
mouri kraze anba dekonm, si se pat yon mèb atelye Raymond Menos ki pwoteje yo
kont lam beton.



