Nan mwa Oktòb 2016, Charlot Lucien soti senkyèm CD
lodyans li sou tit Diogène Nèg Mawon. CD
a gen sèt istwa ak powèm : Kat
telefòn, Diogène anba dekonm, La
torche du Roi Christophe, Ochan pou yon etidyan enkoni, Hommage à l’étudiant
inconnu, Flanbo libète wa Christophe, e Pawòl Cassagnol la. Diogène
anba dekonm se istwa ki pi long
sou albòm sa, e se de li nou pral pale nan atik sa.
Diogène anba dekonm gen twa pati. Premye pati a entwodi Diogène, yon jenn
gason 18 an, nèg Ile-à-Vache, kap travay nan yon otèl Petyonvil ki gen pou mèt
Madan Florence Bonnachi. Se yon jen nonm ki aprann anglè anba bouch touris, ki
te nan vann tablo ak boutèy tranpe, e ki menm konn rap.
Anglè li te kout, franse
l tou, men li te degaje l kou mèt janjak pou l kominike ak kliyan otèl la. Poubwa
li jwenn nan men yo te pèmèt li ede manman l ki tap viv nan Bèlè.
Pandan Diogène tap negosye yon kesyon 400 dola, tè ya
kòmanse tranble. Se te madi 12 janvye
2010, nan aprèmidi. Madan Bonnachi, ki te nan boutik otèl la, kouri soti deyò
pou l mande kisa kap pase la. Menm lè sa kay la tou vide sou yo. Yo te ka tou
mouri kraze anba dekonm, si se pat yon mèb atelye Raymond Menos ki pwoteje yo
kont lam beton.
Anba dekonm, Madan
Bonnachi ak Diogène blije sipòte youn lòt pou yo ka rete anvi. Distans ki te
separe yo oparavan disparèt. Madan Bonnachi menm mande Diogène pou l rele l
Florence. Ran sosyal depafini lè dezas blayi sou ou.
Dezyèm pati lodyans
la kouvri tan ke Diogène ak Madan Bonnachi pase ansanm anba dekonm. Pati sa
chaje ak emosyon kote otè ya reyisi pentire pou nou kalamite Diogène ak
Florence, pandan ke yo kwense anba mèb Raymond Menos la, yo ant lavi e lanmò,
yap benyen nan san, e yap soufri de bra yo oubyen pye yo ki krabinen anba mòso
beton.
Men kek nan pawoli
Charlot Lucien te simaye nan pati sa: Goudougoudou « se tankou yon kout manchèt jeyan ki te sanble fann anndan zantray latè
plizyè kote. Se tankou yon toubiyon envizib ki te pase demanbre, dekonstonbre,
demantibile, dechalbore tout sa l te jwenn sou wout li: gwo kay, ti kay, bout
feray, betay, e menm bèt volay, tout te pase. Kanta lèzòm menm, ondire se te
lan degonn yo menm bagay la te debake. Li pran timoun, li pran granmoun, fanm
kou gason, nwa, milat, blan. Li voye pase plis ke 150 mil moun al nan peyi san
chapo, anvan yo te gen tan bat je yo. Anndan
kay, moun bite sou mèb, moun bite sou kadav, sou zantray. Yo glise sou san yon
vwazen, san yon zanmi, san yon fanmi ki te lonje atè-a. Yo di
jou sa, menm lonbray sanble te senyen. Syèl la resevwa priyè nan tout
lang. »
Nan twazyèm pati ya,
Charlot Lucien montre kouman istwa a fini. Mwen pap di nou rès la. Al koute CD
ya pou nou konnen. N ap tou fè konesans ak sis lòt istwa ak powèm yo ki gen sou
albòm sa.
Diogène anba dekonm se yon lodyans ki byen striktire. Twa pati li yo
prezante yo chak yon moman enpotan, tankou twa chapit yon liv. Charlot Lucien
di istwa a apati pwendvi Diogène. Li pa annik di nou koze sou pèsonaj prensipal
sa, men li itilize aksyon ak dyalòg pou l prezante trè karaktè l yo. Li itilize
tou yon chante lopera ke Pierre Gardy Fontaine entèprete nan kòmansman lodyans
la e ant chak pati yo pou l kreye yon anbyans solanèl ki montre respè ak
reverans li devan souvni kalamite zoupendoup sa ak devan depouy tout moun ki te
pèdi lavi yo.
Avèk Diogène anba dekonm Charlot Lucien
ajoute yon may tou nèf nan chenn souvnans dat 12 janvye 2010 ke pèp ayisyen e
menm lemonn antye pa pre pou bliye, tèlman dega yo te anpil e soufrans yo te
brital.
Mario Malivert
mariomalivert@yahoo.com
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire