Melissa de Dischler Marcelin


Deux histoires d’amour, en parallèle ; deux couples au destin fatidique : D’un côté, Katchina et Galbeaud et de l’autre Melissa et Jeff. Dischler Marcelin monte ainsi un roman dont les rebondissements n’ont rien à envier aux feuilletons télévisés si populaires auprès de notre gente féminine.

Pétion-ville constitue le décor—et bénéficie même d’un prologue. Les femmes, issues de la classe moyenne, présentent une certaine préciosité accentuée par leur teint clair et le métissage de leur lignage. L’auteur insiste sur la généalogie des unes et des autres, tout en encombrant le lecteur de noms de famille à l’italienne.

Testaman de Beaudelaine Pierre


Yon atik ke Mario Malivert ekri

Balon foutbòl sou kouvèti Testaman, yon liv ke Beaudelaine Pierre ekri, pa vrèman atire atansyon. Menm jan an tou, de ti liy, ki di ke liv-sa te pran premye pri nan konkou Jounal Bon Nouvèl nan lane 2002, te anfouraye nan mitan touf zèb. Epoutan, lè ou louvri liv la, ou byen sezi dekouvri yon zèv ki merite plas li nan literati kreyòl la.
Liv la kòmanse ak ti fraz senp ki pale de la nati : solèy, pye bwa, van, etc. Tou swit, otè ya tonbe pale de li, de jan li fò nan foutbòl, jiskaske moun bò kote l ba l tinon Tifout. Déjà, ou atann ou ak yon istwa sou yon jèn Ayisyen ki renmen foutbòl anpil. Men se pa sa ditou, paske byen vit, otè ya entwodui yon pèsonaj, ki chaje ak mistè, ki rele Pèzo. Nan tout rès liv-la, otè-a pral rete gaga devan sajès Pèzo.

Kreyativite Beaudelaine Pierre se pa nan pwovèb yo ni nan prensip Pèzo yo, men se nan plase yo nan kad yon listwa, nan kad yon peyizaj, ki pafwa chaje ak mèvèy. Baudelaine Pierre montre li pa lwen ekriven reyalis mèveye yo, ki prèt pou defòme lanati, ki pa pè fè nou kwè nan sa ki lwen reyalite.

Testaman te ka pi djanm toujou si Beaudelaine Pierre tal pi lwen toujou nan devlopman pèsonaj Pèzo-a e nan konpleksite ansèyman li yo. Nan chache kenbe liv la senp, pou tout moun ka konprann, otè ya petèt rate yon okazyon pou l te akouche youn nan kèk woman literè ki soti nan literati kreyòl-la.

Beaudelaine Pierre, Testaman, Jebca Editions, 2013.
Mario Malivert, 15 jen 2015


François Nau: Chapo ba pou Marechal Mimi ak Ti Jan


Yon atik ke Mario Malivert ekri

Jacques Pierre, yon save nan Inivèsite Duke, nan tèks ki sou po do liv-la, rele Chapo ba pou Marechal Mimi ak Ti Jan yon woman. Men se sitou yon memwa, yon liv sou la vi otè-a, François Nau, ki gen ti non Ti Jan. Se tou yon temwanyaj sou manman li, Marechal Mimi, yon fanm vanyan chaje ak vizyon, kouraj, ak karaktè.
Apre kèlke paj remèsiman ak entwodiksyon, liv-la kòmanse konsa : « Ti Jan se premye pitit Marechal Mimi ak Blan. » Premye pitit se lespwa fanmi. Manman Ti Jan te konprann sa. Sitou pi devan li pral ajoute nèf lòt timoun, donk plis pwoblèm pou ba yo manje, rad, ak elevasyon. Men pou lespwa jèmen nan fanmi-sa, Marechal Mimi met tout avwa-l nan ledikasyon. Li te konprann ke lekòl se meyè mwayen pou l gide Ti Jan sou chimen siksè. Nan kòmansman, lanbisyon-l te limite : Si Ti Jan rive fè twazyèm l’ap satisfè, omwen l'ap ka li papye tè. Men, avèk tan kap pase, Marechal Mimi vin vle Ti Jan al pi lwen toujou. Se yon fanm ki te gen vizyon, malgre li menm pat konn ni li ni ekri.