Yon atik ke Mario Malivert ekri
Balon foutbòl sou
kouvèti Testaman, yon liv ke Beaudelaine Pierre ekri, pa vrèman atire atansyon.
Menm jan an tou, de ti liy, ki di ke liv-sa te pran premye pri nan konkou
Jounal Bon Nouvèl nan lane 2002, te anfouraye nan mitan touf zèb. Epoutan, lè ou
louvri liv la, ou byen sezi dekouvri yon zèv ki merite plas li nan literati
kreyòl la.
Liv la kòmanse ak ti
fraz senp ki pale de la nati : solèy, pye bwa, van, etc. Tou swit, otè ya
tonbe pale de li, de jan li fò nan foutbòl, jiskaske moun bò kote l ba l tinon Tifout.
Déjà, ou atann ou ak yon istwa sou yon jèn Ayisyen ki renmen foutbòl anpil. Men
se pa sa ditou, paske byen vit, otè ya entwodui yon pèsonaj, ki chaje ak mistè,
ki rele Pèzo. Nan tout rès liv-la, otè-a pral rete gaga devan sajès Pèzo.
Kreyativite Beaudelaine
Pierre se pa nan pwovèb yo ni nan prensip Pèzo yo, men se nan plase yo nan kad
yon listwa, nan kad yon peyizaj, ki pafwa chaje ak mèvèy. Baudelaine Pierre
montre li pa lwen ekriven reyalis mèveye yo, ki prèt pou defòme lanati, ki pa pè
fè nou kwè nan sa ki lwen reyalite.
Testaman te ka pi
djanm toujou si Beaudelaine Pierre tal pi lwen toujou nan devlopman pèsonaj Pèzo-a
e nan konpleksite ansèyman li yo. Nan chache kenbe liv la senp, pou tout moun
ka konprann, otè ya petèt rate yon okazyon pou l te akouche youn nan kèk woman literè
ki soti nan literati kreyòl-la.
Beaudelaine
Pierre, Testaman, Jebca Editions, 2013.
Mario Malivert, 15 jen 2015
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire