Yon
atik ke Mario Malivert ekri
Jacques Pierre, yon save nan Inivèsite Duke, nan tèks
ki sou po do liv-la, rele Chapo ba pou
Marechal Mimi ak Ti Jan yon woman. Men se sitou yon memwa, yon liv sou la vi otè-a, François Nau, ki gen ti
non Ti Jan. Se tou yon temwanyaj sou manman li, Marechal Mimi, yon fanm vanyan
chaje ak vizyon, kouraj, ak karaktè.
Apre kèlke paj
remèsiman ak entwodiksyon, liv-la kòmanse konsa : « Ti Jan se premye
pitit Marechal Mimi ak Blan. » Premye pitit se lespwa fanmi. Manman Ti Jan
te konprann sa. Sitou pi devan li pral ajoute nèf lòt timoun, donk plis pwoblèm
pou ba yo manje, rad, ak elevasyon. Men pou lespwa jèmen nan fanmi-sa, Marechal
Mimi met tout avwa-l nan ledikasyon. Li te konprann ke lekòl se meyè mwayen pou
l gide Ti Jan sou chimen siksè. Nan kòmansman, lanbisyon-l te limite : Si
Ti Jan rive fè twazyèm l’ap satisfè, omwen l'ap ka li papye tè. Men, avèk tan kap
pase, Marechal Mimi vin vle Ti Jan al pi lwen toujou. Se yon fanm ki te gen vizyon,
malgre li menm pat konn ni li ni ekri.
Marechal Mimi deside
voye Ti Jan nan pi bon lekòl nan Lavale Jakmèl epòk sa : Frè Enstriksyon
Kretyèn Léonce Mégie. Frotman ak pè e frè legliz katolik jwe yon gwo wol nan
devlopman Ti Jan, de klas primè nan Lavale, jiska klas sekondè nan Pòtoprens,
nan Jivena, kote Ti Jan te sou wout pou l vin yon frè ou
menm yon pè, si se sa Bondye te vle pou li.
Nòmalman, li te pran
Ti Jan yon tan pou l te konprann misyon li nan fanmi-an. Misyon pou l te yon
pòt drapo, yon limyè ki pou klere pasaj pou nèf frè-l ak sè-l yo. Men lè l fin
rive pataje vizyon manman-l, Ti Jan te tounen yon lòt moun, yon sosi manman-l,
ki pat janm rekile devan okenn baryè. Malgre tout pwoblèm lajan, malgre tout peripesi ki te ka detounen-l, malgre tout
sitiyasion difisil ki te ka dekouraje-l, Ti Jan te detèmine pou l vanse, pou l
rive, pou l reyisi kote nenpòt lòt moun te ka echwe.
Chapo ba pou Marechal Mimi ak Ti Jan plis ke yon senp liv, ke moun li pou fè tan pase. Se ta
dwe yon manyèl ke tout timoun ayisyen dwe li, ke yo sot lavil, oubyen nan
pwovens. Se yon ochan sou fòs karakte, enpòtans detèminasyon, rekonesans timoun
dwe pou paran yo. Dayè, plizyè kote nan liv-la, François Nau pale dirèk dirèk
ak timoun-yo. Se yo li vize, paske se yo ki lavni. Pou lespwa lavi miyò
boujonnen, pou jèm devlopman donnen nan Ayiti, se timoun-yo pou nou ankadre. François
Nau envite nou tout jwe patisyon pa nou nan gide jèn yo, nan ansenye yo bon
leson sou karaktè, kouraj, ak pèseverans.
Francois Nau, Chapo ba pou Marechal Mimi ak Ti Jan, Jebca
Editions, Boston 2012.
Mario Malivert, 9 jen 2015
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire