Premye Nimewo Rechèch Etid Kreyòl

 Rechèch Etid Kreyòl se yon revi tou nèf konsakre a rechèch sou lang kreyòl. Laboratwa Lanng, Sosyete, Edikasyon (LangSE); Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) nan Inivèsite Leta Ayiti ak Edisyon JEBCA mete tèt yo ansanm pou reyalize revi sa. Renauld Govain, dwayen FLA, se kowòdonatè premye nimewo sa, ki soti nan mwa oktòb 2022.


Konpoze de nèf chapit, revi a layite kò l sou 241 paj. Atik yo ekri an kreyòl, esepte youn ki an anglè e yon lòt ki an fransè. Senk nan yo konsène kreyòl ayisyen, lòt yo trete de kreyòl LaDominik, Renyonè, Morisyen, e Seselwa. Apre Avan-koze ak Entwodiksyon jeneral ke Renauld Govain ekri, nou jwenn « Yon istwa òtograf kreyòl ayisyen » pa Hugues Saint-Fort, « Pou yon lengwistik ayisyen » pa Moles Paul, Francklyn Dorce e Jean Odelin Petit-Frère; « Kreyòl: Feminen – maskilen » pa Iv Dejean; « Dominica Kwéyòl Orthography » pa Gregory Rabess; « Lékritür lo kréol rényoné: son listoir, son lévolüsyon » pa Laurence Daleau-Govain; « Lortograf Kreol Repiblik Moris (Kreol Morisien ek Kreol Rodrige): nesans, evolision, inplikasion » pa Arnaud Carpooran e Yany Maury; « Levolisyon lortograf Kreol Seselwa » pa Aneesa Vel e Reuban Lespoir; « Estanda grafi kreyòl Ayiti: Propozisyon » pa Frantz Gourdet, e « Fenomèn sandi e pwoblèm òtograf an kreyòl ayisyen: Kèk pwopozisyon » pa Renauld Govain.

Plizyè nan atik yo retrase istwa nesans ak devlopman lanng kreyòl. Hugues Saint Fort raple ke nan Sen Domeng, nan tan lakoloni, se kolon yo an premye ki te ekri kreyòl. Konsa, selon istoryen Moreau de Saint-Mery
, youn nan premye zèv an kreyòl se te yon powèm-chante, « Lisette quitté la plaine », ke yon kolon fransè, Duvivier de la Mahautière, te ekri.

Gen lòt atik ki pale de premye jefò lengwis yo fè pou estandatize òtograf kreyòl. « Premye tantativ pou ekri yon òtograf sistematik te parèt nan lane 1924, » Hugues Saint Fort ekri. Renauld Govain, bò kote pa l, souliyen ke gen sèt dat enpòtan nan devlopman grafi kreyòl ayisyen : 1924 (inisyativ Frederic Doret), 1939 (inisyativ Christian Beaulieu), 1940-1943 (inisyativ Mc-Cornell-Laubach), 1950 (inisyativ Faublas-Pressoir) e 1975 (inisyativ Enstiti Pedagojik Nasyonal). E se an 1980, Hugues Saint-Fort esplike ke lanng kreyòl la pral « posede yon òtograf ofisyèl », lè minis Edikasyon Nasyonal la, Joseph Bernard, pibliye de kominike nan dat 22 ak 31 janvye 1980 sou ki jan moun dwe ekri kreyòl.

Non sèlman otè atik yo bay yon rapèl istorik sou devlopman òtograf ak grafi kreyòl, men yo esplike yon seri de nosyon debaz sou lengwistik ki pèmèt moun ki pa lengwis konprann eleman. karakteristik e menm defi ki genyen nan devlopman lanng kreyòl. Nan sans sa, Gauvin defini nosyon alfabè, ekriti, grafi, ak òtograf: “Alfabè se yon systèm ekriti ki abstrè paske se rezilta yon konvansyon…Ekriti se yon reprezantasyon lanng pale a pa mwayen yon seri siy grafik…Òtograf la deziyen règ ak prensip ki sèvi kòm nòm pou ekri kòrèkteman nan yon lanng…Grafi a gen pou wè avèk tout reprezantasyon ekri osinon yon espresyon.” Frantz Gourdet, li menm, pale de fonèm ki gen pou wè ak son e grafèm ki se siy, tras vizib lèt yo.

Revi a gen enfòmasyon ki pou enterese ni moun ki novis nan lengwistik ni moun ki lengwis. Gen diskisyon ki avanse tankou tout atik Frantz Gourdet a ak seksyon kote Gauvin pale sou fenomèn sandi. Si ou pa lengwis ou ka gen difikilte pou w konprann nosyon sa yo.

Yon lòt aspè enpotan revi sa se prezans lòt kreyòl yo gras ak atik sou kreyòl Ladominik, Lareyinyon, Repiblik Moris, e Sesèl. Nou wè jan alfabè, òtograf, grafi yo varye de yon peyi a yon lòt. Eske gen tantativ deja pou estandadize tout kreyòl sa yo? Si wi, ki wòl Ayiti, kòm peyi nan rejyon an ki gen plis moun ki pratike kreyòl, ta sipoze jwe nan inisyativ sa ?

Rechèch Etid Kreyòl se yon revi akademik nan tout sans li. Atik yo byen chapante, agiman yo byen prezante, e referans yo solid. Revi sa se yon lòt prèv ke lanng kreyòl la gen tout eleman pou esplike konsèp abstrè, konplèks ak syantifik menm jan ak lòt lanng modèn yo.

LangSE, FLA ak JEBCA ki akouche revi sa, pa di si se chak mwa, chak twa mwa, ou chak si mwa yon nouvo nimewo ap parèt. Men sa nou swete, se pou revi sa tounen an li menm yon enstitisyon ki pou kontinye akonpanye lanng kreyòl la jouk li pran tout dwa grandètmajè li nan mitan lòt lanng yo.

Mario Malivert

mariomalivert@yahoo.com

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire