Georges Castera pale…Pwenba!


Lè m bezwen griyen dan m, nwaye kalkil, bliye jan lavi rèd nan peyi isit, tuipe ensekirite k ap taye banda, se Pwenba mwen li, kote Castera ekri « Se sa !/M ta fè si, M ta fè sa./Se sa !/Sizoka si ta nan/ka,/songe gen 2 ka/nan kaka. » 
Lè m bezwen kriye sou Pòtoprens, konstate jan figi l blèm tankou pen rasi, jan twotwa yo (lè genyen) sal tankou peny ti dan, se Pwenba mwen li, kote Castera kwaze « Pòtoprens tou long atè/nan riyèl malsite, nan riyèl mal pou wont ». 
Lè m bezwen ekri kreyòl, siwote kreyòl, karese kreyòl, se Pwenba mwen li, kote Castera deplòtonnen mo lanmou, mo dous, mo siwo myèl. Ou ka chante lanmou, men se pa fouti tankou Castera. Ou ka jouke lalin, monte zetwal, men se pa fouti tankou Castera. 
Lè m bezwen kalonnen dirijan yo ak biswit leta, badijonnen devan pòt figi yo ak labou Kwabosal, se Pwenba mwen li, kote Castera pa manke met pou yo. « Wi koupab, Yo koupab ! » vre wi. Depi 216 an, y ap fè Ayiti monte lesyèl pa do, « yo pa janm regle anyen/yo pa janm prevwa/menm yon fwa pafwa ». 
Lè m sonje goudougoudou, jan Pòtoprens te tounen lanmidon, jan « Andidan kay beton patapouf, tout moun mouri frèt », jan « Nou bati lèd/nou mouri lèd/, nou mouri/bèl mouri nou », jan timoun te chante « m koupe fache ak beton/M pa zanmi beton ankò./beton touye manman m/beton touye papa m/ beton kite m san anyen», se Pwenba mwen li, paske nan de mo twa uityèm, Castera blayi Pòtoprens devan boul je nou, de pye anlè, tankou chen ki pran nan sosis. 
Si m ta vle pèdi jekwazandye m, mete lafwa m akote, se Pwenba pou m ta li, kote Castera pa gen tan pou « lapriyè yenyen », kote l denonse lidè legliz « ki sèvi ak lanmò plizyè milye moun/pou fè moun ki vivan pè,/fè yo kwè yo antò ». Men avan legliz kondane powèt la, sonje sa li vle wè, menm jan ak tout kretyen konsekan, se yon « relijon damou ».
Lè m vle santi m lib pou m ekri sa m vle, tout sa k jèmen nan kè m, san m pa bride l ni sansire l; lè m vle pa pè ki sa lè zòt di oubyen panse ; lè m vle abiye lespri m ak yon vès kite mele m avè yo sou yon chemiz ki foute m avè yo ; se Pwenba mwen li, kote Castera ekri sa k nan lide l, kote l demontre li gen la lwa djòl li. Yo te mèt rele l kokorat, yo te mèt dezabiye l toutouni, ki mele l. Li pale li pale nèt, li ekri li ekri nèt. Poudayè, ou pa ka manyen l kote l ye ya.
Mwen p ap kriye viv lanfè ! tankou Castera, men m ap di viv lavi, viv lanmou, viv yon gwo potorik gason ki kite yon lapawoli majè, yon zèv tout koulè pou jenerasyon powèt ak tout sa k pa powèt yo. Bon latravèse gason kanson. Yon lòt fwa ankò, ou pran douvan pou klere chimen pou nou.
Georges Castera, Pwenba (pwezi), Port-au-Prince, Atelier Jeudi Soir, 2012
Mario Malivert

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire