Ak Fédia Stanislas, se konfidans sou konfidans



Youn nan pri literè ki gen plis prestij an Ayiti se Prix Deschamps. Pou ane 2019 la, se Fédia Stanislas ki rive genyen pri sa a avèk «Konfidans», yon woman an kreyòl ki gen 124 paj.
Liv la chaje ak konfidans Wozi, naratè a, fè. Li pataje sa l panse, jan l wè lemonn, jan l konprann lavi, jan l wè tèt li nan rapò l ak manman l, ak tonton li, ak lòt fanmi l e zanmi l yo, nan yon langaj klè, menm lè l ap pale de sijè ki sansib anpil. Otè ya dekri panse l yo ak fraz kout, senp, men chaje ak imaj, pwovèb, koutim, kilti ayisyen an, sa ki bay liv la yon alan powetik.
Liv la kòmanse ak yon ti chan nou abitye tande : « Tifi ki pa konn lave pase/chita kay manman w », ki pa trete fanm byen, e ki leve plim sou do Wozi. Li mande tèt li « Pouki se tifi sèlman yo tounen lakay manman yo ? » Yon kesyon ki pral debouche sou yon pledwari kont vyolans gason sou fanm : « Depi yon fanm ta chwazi dezobeyi oubyen leve vwa l pi wo pase mari l, baton met pye…Minis Jistis la konn bat madanm li tou. », sou jan legliz ankouraje gason pran pye sou fanm, e sou divizyon nan sosyete a : « …pouki gen moun anwo ak moun anba, pitit Desalin ak pitit Petyon. Pouki? » Nan tout rès woman an, Wozi pa janm bouke poze tèt li kesyon e pataje opinyon l sou plizyè sijè. Premye chapit la fini ak lanmò papa l, Benis, nan Pòtoprens, avèk antèman l nan legliz Sen Lwi.
Manman Wozi gen yon plas santral nan liv la, men relasyon ant de medam yo konplike, soti nan zafè Benis ki pa vrèman papa Wozi, rive nan jan manman Wozi ankouraje l fè nenpòt vye zak pou lajan. Sa ki tris, nan tout brimad Wozi sibi nan lavi a, menm kot manman l li pa jwenn konsolasyon, kòm sa ta dwe ye. Ton Djo, tonton l, se yon lòt pèsonaj kle liv la. Se li ki mennen fanmi pa l ak fanmi manman Wozi soti Karakoli rive Duarte nan Sendomeng. Yon paj grangou ak imilyasion pral louvri nan Duarte, ki pral fòse Wozi aksepte fè sa l pa vle fè, antòtye tèt li nan yon relasyon ak yon sèten Pablo, ki swadizan renmen l, men ki bat li lè lide l di l. Wozi tonbe viktim vyolans gason sou fanm, sa l t ap denonse nan premye chapit liv la.
Byenke Pablo te okipe manman l byen, pèmèt li jwenn laswenyaj pou maladi kansè, Wozi pa t janm renmen l. Li ta ka petèt tolere Pablo, men mouche a renmen bat fanm. Konsa, Wozi fè yon jan li chape poul li, li tounen Pòtoprens, nan katye Kafoufèy, kote manman l te rete. Eske lavi a pral ba l yon kalmi nan peyi l ? Eske bagay yo pa pral pi mal pou li? Eske l ap janm kwaze ak Pablo sou chimen l ankò? Tout sa yo se kesyon Fedia Stanislas pral reponn nan dènye sis chapit liv la.
Meyè pati woman «Konfidans» la se premye chapit yo, kote otè a frape imajinasyon nou ak refleksyon ki te siprann nou pandan l t ap chame nou tou. Senserite l nan fason l livre kè Wozi bay lektè a pote yon aspè tou nèf nan woman ayisyen. Ou santi pwezi a pa twò lwen pwoz la. Men tank istwa a ap deplotonnen, ou vin rejwenn menm refleksyon yo, ki dèfwa marye ak yon seri de pwovèb oubyen slogan popilè. Sa vin kase nan frechè tèks la. Pi devan nan dènye chapit yo, evènman yo vin parèt brip sou kou, san ase eksplikasyon ak preparasyon. 
Kontrèman ak kèk ganyan Prix Deschamps ki pa kontinye pibliye liv, nou rete kwè ke Fedia Stanislas gen plizyè lòt liv nan dyakout li, an kreyòl e an fransè, k ap reprezante lòt opòtinite pou li pou l rafine stil li. Konsa, Prix Deschamps li genyen an a se tankou van ki gonfle nan vwal li pou l gen plis fòs toujou pou l deplwaye zèl li sou literati ayisyen an.
Mario Malivert

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire