Alice Walker: Koulè mov la


Atik sa pibliye nan Le Nouvelliste 4 septanm 2019


JEBCA Editions pibliye ane sa yon tradiksyon an Kreyòl Ayisyen de woman « The color purple » ke Alice Walker te ekri nan ane 1982. Liv sa te fèt sou fòm lèt ke de sè Ameriken nwa, Celie e Nellie, ekri. Nan ane 1983, liv sa te resevwa de pi gwo pri literè nan Etazini (Pulitzer Prize for Fiction e National Book Award for Fiction). Steven Spielberg, yon gwo direktè sinema, pral fè yon fim de liv la an 1985. Anpil moun te gade fim nan, sa ki rann liv la vin pi popilè toujou. Li te pase an Ayiti sou non « La couleur pourpre ». An Kreyòl Ayisyen tit liv la se « Koulè mov la », e se Lunine Pierre-Jérôme, Ed.D ki fè tradiksyon an.

Depi plizyè ane JEBCA Editions lanse tèt li nan yon kanpay pou tradui an Kreyòl Ayisyen plizyè liv ki enpòtan pou Ayisyen li nan lang manman yo. Nan entwodiksyon « Koulè mov la », Lunine Pierre-Jérôme eksplike ke « se yon krim, yon abi lengwistik, yon asasinay kiltirèl, yon fòm esklavaj, lè nou pa sèvi ak lang natif natal nou pou nou pèmèt, jenn yo sitou, devlope konesans yo nan istwa pèp nwa daprè jan yon fanm nwa konprann li ak viv li. » Donk, liv sa se pa yon senp tradiksyon, se yon jefò pou kontinye bay Kreyòl Ayisyen an jarèt, paske li « se paspò nou, donk, idantite nou. »

Nan « Koulè mov la », pi fò lèt yo se Celie ki ekri yo, dabò a Bondye, pi ta a ti sè li, Nellie. Lèt li ekri a Bondye yo se tankou yon jounal entim kote l ap pale de tout sa k fè li mal. Premye lèt la, ki vrèman kapte atansyon nou, se sou kijan bòpè li te vyole l. Lòt lèt li ekri a Bondye yo pale de mizè l pase lakay yon mesye ki te pran l kay bopè ya, apre manman l te mouri. Nan kay sa li te alafwa fanm mesye ya e bòn yon latriye pitit ke mesye a te genyen. Lèt Celie ekri a Nellie yo vin pi ta, lè li fin dekouvri lèt ke Nellie te konn voye ba li.

Si « Koulè mov la » abòde anpil tèm inivèsèl, tankou abi gason fè sou ti fi, tankou sitiyasyon degradan fanm ap viv nan sosyete a, tankou jan estim ou gen de tèt ou ka libere w, liv la tou poze pikan kwenna ak jan li ta dwe tradui nan lòt lang. Alice Walker itilize nan lèt Celie yo yon dyalèk Ameriken nwa pale ki rele Ebonics, ki yon jan diferan de Anglè standa a. Alòske, nan lèt Nellie yo, otè ya itilize Anglè standa a. Konsa li montre diferans nan karaktè de sè yo : inosans Celie yon bò, e je kale Nellie yon lòt bò. Li montre tou diferans nan edikasyon yo : Celie ki pat gen chans ale lwen nan lekòl, e Nellie ki te rive nan yon nivo avanse. Otè ya te vle montre tou jan ledikasyon ka bay yon moun zam pou konbat enjistis, pou w kwè lan tèt ou.

Kidonk, nan tradiksyon liv sa, fòk ou ka fè diferans estilistik sa ant Celie e Nellie, jan Alice Walker fè l nan vèsyon orijinal liv li ya. Nan jan Kreyòl la ye jodi ya, nyans estilitik sa difisil pou w reyalize. Ou te ka fè Celie ekri yon Kreyòl natif natal e fè Nellie ekri yon Kreyòl fransize, tankou anpil Ayisyen ki edike fè, lan melanje mo Kreyòl ak mo Fransè. Men se pa sa Lunine Pierre-Jérôme te chwazi fè. Men kanmenm ou ka wè ke lèt Celie yo pi kout, sitou premye yo, e yo pi dirèk, tankou jan ti moun pale. Alòske lèt Nellie yo pi long, e lide ladan yo byen plòtonnen.

Malgre avanse ki fèt nan Kreyòl Ayisyen an, anpil Ayisyen plis pale ke li Kreyòl. Yo prefere li liv an Fransè. Lè yo resi li yon liv Kreyòl, se liv ki kout, tankou rekèy powèm oubyen woman ki pa gen anpil paj. Ak « Koulè mov la », yon gwo bout liv ki fè 422 paj, nou envite lektè Ayisyen yo pran san yo pou yo li tout liv la. Se vre se anpil paj, men se yon koleksyon lèt ki byen kout. Avan w bat je w, ou gen tan nan mitan liv la. Celie ak Nellie pap kite w depoze liv la, sof pou w fè bezwen nesesè w.

Nou salye inisyativ JEBCA Editions pou l rann disponib an Kreyòl Ayisyen yon seri de chedèv ki make literati mond lan an jeneral e literati moun nwa an patikilye. « Koulè mov la » se dezyèm liv Koleksyon Jaliyaa, ki gen tou « Mwen konnen poukisa Zwazo ki nan Kalòj la ap chante » ke Maya Angelou ekri. Yon gwo kout chapo a Lunine Pierre-Jérôme k ap dirije koleksyon sa.

Mario Malivert
mariomalivert@yahoo.com

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire