Lanmou sou tan diktati


Pibliye nan nimewo Le Nouvelliste 14/6/2019


Nan woman Yo kenbe yon vòlè, Joslin Twouyo envite nou tounen nan lane 1960 yo, kote peyi a tap jemi anba yon diktati fewòs ki tap layite kò l chak jou pi plis. Diktati pa sèlman kraze zo opozan, met baboukèt nan djòl laprès, arete militan andeyò lalwa, etc. Li tou gen enpak sou lavi sitwayen pezib, sou adolesan, sou timoun. Konsa, Joslin Twouyo montre nou jan diktati vide latwoublay sou lavi 2 jenn moun: Mari Elèn ak Sègo ki tap kontanple kijan yo te ka pran chimen lavi ansanm.

Mari Elèn te gen sèlman 17 tan. Li te nan klas Reto nan lise jenn fi. Manman l Mona entatad kouche nan yon chanm, depi apre tonton-makout te ale ak papa l « nan yon djip nwa ». Mari Elèn tap viv kay grann li Tètè ki te gen yon boutik. Sègo limenm te yon etidyan nan lamedsin, papa l te yon medsen. Sègo te konn pase lakay Mari Elèn souvan, san li pa janm vrèman fè l deklarasyon damou, men l pa janm rate okazyon pou l di jenn fi ya jan « li bèl e entelijan » e se ak yon fi konsa li vle marye.

Syèl relasyon Mari Elèn ak Sègo pral vin gri lè yon milisyen ki rele Dieusifò Cherilus (Gwo Djo) pa wè kiyès pou l renmen se Mari Elèn. Sou tan diktati, lè yon makout renmen yon jenn fi, li ka fè l tout kalite menas pou l rive jwenn bout li. Li ka mete aparèy leta anbranl, lage etikèt kamoken sou li ak sou fanmi l, pou l fòse l aksepte l. Gwo Djo pat wè ke Mari Elèn se yon ti moun 17 an, yon elèv lekòl ki viktim deja de rejim nan (ak disparisyon papa l e maladi manman l), yon jenn kap fè jefò pou l gen yon lavi miyò pou limenm ak pou fanmi l.

Se pa Gwo Djo sèlman ki reprezante yon danje sosyal pou moun ki tap viv nan peyi ya nan tan modi sa yo. Se tout leta a, se tonton-makout avèk ou san inifòm ble, makout nan lame, makout nan lekòl ak inivèsite : « Gen elèv makout, siveyan makout, pwofèse ak direktè makout ». Joslin Twouyo rekonstitiye klima terè, ensekirite, latwoublay peryòd sonb ane 1960 yo. Menm lè peyi a te dous kou siwo, menm lè lavil la te an penpan nan epòk fèt nwèl, menm lè amorèz te ka al sou Bisantnè al pran bon van ak bwè krèm, makout te fè l tounen lanfè pou tout moun ki pat mache nan lojik rejim nan.

Joslin Twouyo montre ke nan epòk diktati ya, menm sitwayen ki pi pezib ak inosan ki ta genyen pa epanye anba abi ak entimidasyon rejim nan. Mari Elèn se yon jenn fi ekzanplè nan konpòtman l, entelijans li, ak konviksyon l. Menm nan renmen ak Sègo, li pat kite lanmou fè l bliye vizyon l, li te kenbe metriz li menm lè tout moun bò kote l te panike. Se modèl sa yo ke lajenès bezwen, pou peyi ya ka espere yon demen miyò. Men tout kalite ak vèti sa yo pat ase pou pwoteje Mari Elèn kont foli patizan pouvwa a.

Kijan istwa a fini ? Eske Mari Elèn ap reziyen l renmen ak Gwo Djo ? Eske lanmou Sègo ak Mari Elèn ap ka reziste kont atak rejim nan ? Pou w konn repons kesyon sa yo, ou jis gen pou w achte Yo kenbe yon vòlè kap disponib ane sa nan Liv an foli.

Mario Malivert
mariomalivert@yahoo.com

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire