http://www.lenational.org/pierre-jonas-romain-de-bri-peyi/
Pwezi kreyòl la ap vanse atoutboulin. Chak powèm, chak rekèy, se yon mayon nan chenn lang sa ki makonnen tout ayisyen nan yon sèl batman kè. Chak jèn powèt ki chwazi kreyòl pou pentire santiman yo lonje men bay ansyen tankou Oswald Durand, Emile Roumer, Franketienne, George Castera, elatriye, pou anrichi lang kreyòl la nan tout fondalnatal li. Pierre Jonas Romain se youn nan jèn sa yo ki depi plizyè ane ap satouyèt lang kreyòl la pou fè l depale. Nan liv li ya, De bri peyi, qui soti an 2017 sou Jebca Editions, se 68 powèm ke Romain livre devan zye nou.
Youn nan fòs pwezi
kreyòl la se pèmèt powèt yo denonse ak mo koutodigo sitiyasyon malatchong e
zoupendoup peyi a. Menm jan ak anpil jèn powèt, eslamè, dizè parèy li, Romain pa
ezite rele chalbarik dèyè « poli ti chen »,
« politikraspen », « politikriyen » nou yo. Anpil nan powèm
li yo se rèl yon pitit devan lamizè ak lenjistis kap depafini manman l. Dayè,
tit liv la montre aklè ke sijè powèm yo se peyi a, e powèt la pa demerite. Se yon
kout ponyen sèl li voye sou tout maleng peyi a, se yon bouch kamera li flannen
sou plizyè aspè nan reyalite peyi a, depi goudougoudou jouk nan leta, eleksyon,
paleman, minista ak gouvènman.
Powèm sou goudougoudou.
Romain gen plizyè tèks
sou dezas sa. An’n kenbe de ladan yo : Vètij,
yon powèm kout ki di « Chak fwa m/wè douz/tout kò m/kraze/anba
dekonm. ». Nou wè la yon stil senp, dirèk, ki pèmèt Romain di sa l vle di
a san makiyaj. Epi Bilan, ki yon jan
pi long, men ki ale nan menm sans la: “Nan trannsenk/segonn/vil la
vomi/kadav/pa gen tan/pou dènye/priyè/simityè/refèt/nan chak twou.” Nan de powèm
sa yo, ak nan anpil lòt, ou jwenn vè ki se mòso fraz k al kontinye nan vè k vin
aprè l. Se yon teknik yo rele anjanbman. Sa pèmèt ou dikte kadans powèm la, men
fòk ou pa twò abize l, paske l ka fè parèt powetik fraz ki pa gen okenn pwezi.
Powèm sou leta, eleksyon, palman, minista, ak gouvènman.
De mo se
powèm ki pi kout nan rekèy la, se vrèman de mo : « Lanmèd/Leta. »
Ou santi la ke powèt la bouke fè lakilbit pou l kriye fristrasyon l. Kidonk, si
l pa rele, li san lè toufe, e se de mo sa yo ki soti. Men se powèm Leta ki detaye plis sou refleksyon powèt la:
« Leta se pòtre/chen anraje/mèt bliye sou/gran ri... » Politik se yon powèm ki met pye l sou
kou politisyen, palmantè, ak kominote entènasyonal : «Gade/gade
politisyen/sa se wont/mezanmi !/Gade/gade palmantè/se twòp atò/Mouche !/Gade/gade
kominote/entènasyonal la/ k ap fè radòt... »
Kòm anpil lòt ekriven
ayisyen, Romain pwopoze plizyè jedmo ak mo tou nèf. Eske se yon fason pou
anrichi lang kreyòl la, oubyen se yon teknik pase moun nan rizib. Poli-ti-kriz se youn nan ekzanp jedmo sa
yo, se tit yon powèm kote ou jwenn : « Peyi a depeyize/Peyi a
tounen/Jwèt toupi/Nan fant dwèt poli ti chen. » Se menm jan ak Kontispilsyon: « Bouyon
konstitisyon/Katrevensèt/amande/Rechofe/Pèp toujou nan lari. »
Lòt powèm...
Gen lòt powèm kote Romain touche sijè varye. Kèk ladan
yo sou fanm: Dwèt Fanm “Mwen se yon
machin/Se dwèt yon fanm/K ap telegide m.” Devan
pòt kè m se yon lòt: “Devan pòt/kè-m/gen yon fanm kap fè pòs.” Powèm sa yo
gen yon ti kras plis bèlte, plis chèlbè ke powèm angaje yo. Ladan yo, imaj yo
pi bèl, souf powèt la pi poze. Se
sa nou konstate tou nan Jounen Kreyòl,
youn nan powèm ki pi bèl nan liv sa, ki montre lanmou Romain pou lang kreyòl
la :
Lang pa gen zo
Se pran l san kraze
San peze
Lang
pa m
Pa
nan tetelang
Li
pale tout sa
Li gen pou l pale
Pèsonn
pa ka fèmen
Bouch
mwen
Pèsonn
pa ka
Fè m
depale
Toutotan
lang mwen
Pa
koupe
Mwen
ap pran lang
Nèt
ale
Lang
kreyòl
Se
lang makònay
Se
lang siman
Se
lang zantray
An n fete kreyòl
Pou kreyòl
Pa
filange
Lang
nan bouch nou.
(De
bri peyi, pages 60-61)
Mario
Malivert
mariomalivert@yahoo.com
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire