Mario Malivert
Pwezi
kreyòl-la ap chache sans li de yon poèt a yon lòt. Si Franketienne pase mèt nan
kreye mo tou nèf, e Georges Castera nan choke lespri, Henri-Robert Durandisse,
li-menm, nan Langay Lanmou, bay yon lang chaje ak bèl mo, tankou douvanjou, lawomans,
bèlte, grandizè, makonnen, lakansyèl, lòlòj, etc., mo ki tradui mouvman lanmou
ant poèt la ak yon fanm li renmen.
Liv
la konpoze de sis chapit, ke poèt la rele moman. Premye moman-an pale de poèt
la ki pati kite anmorèz-li : « Anvan mwen te pran avyon pou disparèt
nan zye w, mwen te vire gade w ». Sa se yon pawoli tou senp, ki pa gen
senbòl ak limaj, kòm ki dire transpò lanmou kont pou jistifye kalifikatif pwezi
ke liv la genyen. Pi devan, poèt la bezwen konnen kijan anmorèz li ap jere distans
sa : « Depi separasyon an, di mwen ki jan w jofre lavi ? »
La, langay-la gen yon ti diplis avèk mo « jofre », ki gen pou l wè ak
vòle je gade kote ou pa dwe gade. Men, malgre tristès separasyon, poèt la jwenn
souf : « Prezans ou nan labsans se sèl sous egzistans mwen. » Gen
yon bèl timizik nan vè-sa, e kontradiksyon absans-prezans kanpe tankou yon bèl
jwèt ide.
Nan
plizyè pati liv la, poèt la fè gwo efò pou l jwenn imaj ki alafwa bèl e
orijinal, men gen kèk fwa li bliye mete pwezi nan tèks yo. Se vre mo yo pale de
lanmou, men sa pa sifi. Sitou ke lanmou se youn nan sijè ki pa gen twòp sipriz
ankò, alewè pou sekrè. Ou ka pale de lanmou, se vre, men pale nan yon lang ki
fre, yon lang lòt moun pa pale. E se sa menm otè ya reyalize nan tèks sa:
Nan ka pa m avè w, lanmou fè de kabès, san konpayèl ni
revè. Yon lanmou foul kè ki kente jous nan fè dyapòt. Yon lanmou ki rezye tout
panzou lavi. (page 27)
Imaj
ak senbòl nan tèks-sa chita nan yon kontèks jwèt aza. Yo bay lanmou yon lòt
vizaj, yon devire tou nèf.
Poèt
la konn jwenn vè ki fè travay yo byen, kote imaj ak senbòl-yo touche emosyon
nou oubyen siprann nou, tankou nan “Fouwe kouto nan yanm souvni nou.” Se vre la
ou pa jwenn mizik, men “kouto nan yanm » sonnen nan latandman nou kòm
ayisyen. Yon lòt vè ki chame nou se « Nan dantèl souf ou la jwa
fofile. » La, asosiyasyon « dantèl » ak « fofile » bay
yon imaj dò. Malerezman, gen vè kote kèk mo parèt depaman, tankou nan “vwa w se
rèv papiyon lasenjan”, yon bèl ti vè, byen mizikal, men kote mo
« rèv » pa konekte ak « papiyon lasenjan », ki rann vè-a
tankou yon riban mo ki manke sans. Oubyen mo yo te ka nan yon meyè pozisyon,
tankou nan « Mwen flannen sou zetwal/Kote solèy/pa janm repoze », ki
parèt bèl lè w fèk li-l, men lè w gade pi pre, yon senp boukantay mo « zetwal »
ak « solèy » mete plis mouvman nan vè-a : « Mwen flannen
sou solèy/Kote zetwal/pa janm repoze. »
Henri-Robert
Durandisse siprann nou kèk fwa ak mo tou nèf, ou di mwens mo ke li modifye, mo
tankou “ladoutans” nan “mwen santi pafwa ladoutans anvayi nou”. Mo “ladoutans”-sa
sanble ak mo “dout”, men li sonnen pi bèl. Yon lòt mo, “plimpoule”, ki gen rapò
ak plim poul, sèvi la sou fòm yon vèb : “m vle plimpoule w”.
Ak
Langay Lanmou, Henri-Robert Durandisse demontre bèlte lang kreyòl-la, e lespwa
ke yon jou pi fò liv ayisyen ap ekri an kreyòl. Se sou tèm lespwa-sa ke n’ap
konkli atik-sa, e ke otè-a fini Setyèm moman liv-la, dènye-a, « …Egzistans
mwen libere, li pa ka esklav pèsòn, apa ti lespwa li genyen pou pase la vi bò
kote w. »
Henri-Robert
Durandisse. Langay Lanmou (2008). Les Editions Paroles. Montreal.
All my confusions have gone away. I am so benefited by visiting your site. Thanks sir share this information.He has really sweet responses to basically all of these- Thank you very much.
RépondreSupprimerSad Dp
More
What is Love?
More
font copy and paste
More
অনলাইন কাজ